;


Broward Parents in Action Virtual Summit

Shadow

Ede pitit ou pran wout inivèsite epi aprann sou resous kominotè ak opòtinite yo!

Ou te toujou swete aprann plis sou pwogram edikasyon pou granmoun, men ou pat konnen ki kote pou w kòmanse? Oubyen petèt ou ta renmen gen plis enfòmasyon sou opòtinite kolèj pou pitit ou?…

Enben, CLOSE UP ak BCPS envite w vin anrichi konesans ou nan somè vityèl “Broward Parents in Action”, samdi 30 Me 2020.

Nan somè sa a, ou pral gen privilèj tande gwo ekspè nan domèn Edikasyon pou granmoun ak resous pou kolèj, yon fason pou ede w pran kontwòl avni fanmi w. Epi, w ap gen chans poze kesyon nan lè ribrik Kesyon-Repons lan (Live Q&A).

Opòtinite espesyal sa a GRATIS epi se sèlman paran imigran ak etidyan ELL (English Language Learner) ki enskri nan Lekòl Piblik Broward County ki ap ka patisipe.

PA RATE OKAZYON SA A! Plas yo limite epi yo ranpli vit. Enskri depi Jodi a pou rezève plas pa w la.